Koman nou ye?

Non pam se Faidherme Casseus!

M kite lakay, Ayiti pa nou an, an 2021. Depi lè sa a, map viv Boston.

M gen 15 zan depi map travay ak moun nan domèn lasante, e anpil lòt ankò nan devlopman kominotè. Se avek anpil plezi ak kè kontan, m jwenn opòtinite sa a poum ede nou gras ak Boswell.

Sèvis yo la. Youn di lòt, ann pote kole poun vanse ansanm.